DodorVibe FM

Beats Educate & Minds Enlighten

Current track

Title

Artist

Current show

Morning Blessings

6:00 am 11:00 am

Current show

Morning Blessings

6:00 am 11:00 am

Upcoming show

Morning Blessings

6:00 am 11:00 am

Background

Renel Louidor / On-air Host


Renel Louidor shows

Kreyol

Mwen se Renel Louidor
Mwen fèt granrivyè di nò youn 9 me
Mwen fè etid primè nan lekòl nasyonal sakre kè ki nan granrivyè di nò.
Mwen fè etid segondè m nan kolèj pratik di nò.

Renel Louidor se yon ansyen foutbolè, li se jounalis ak animatè radyo…Nan foutbòl li chanpyon natyonal en 1998 avek youn nan pi gwo ekip foutbòl  peyi a konnen kise FICA.Nan zafè radyo,Renel Louidor debite nan lane 1998/1999 nan yon radyo nan vil natal li ki te rele radyo lazè.li te konn prezante emisyon espò…

Renel Louidor pral kite peyi dayiti nan lane 2000 poul al reside nan peyi etazini kote ke lap viv jiska jounen jodia..

Nan zafè radyo anko..Li te entegre radyopanou kote li te prezante emisyon espò soti 2002 pou rive nan janvye 2008.

Nan mwa fevriye 2008  li pral entegre radyo S&S kote li pral prezante yon emisyon pou okès Tropicana jiska Janvye 2010.

Nan menm lane sa pi direkteman 1er Janvye 2010,Renel Louidor ak yon gwoup zanmi deside mete sou pye Radyo comedy fm kote jiskaprezan lap bay sèvis li non selman antan ke direktè pwogramasyon epi antan ke jounalis epi animatè….

Men lis emisyon ke Renel Louidor prezante…

Renel Louidor  prezante yon edisyon nouvel ki batize tanbou verite depi lendi rive jiska vandredi soti 9h00 pou rive 10h00 nan aswè.

Li prezante anko yon journal espò ki rele karavan espòtif chak samedi ki komanse midi pou rive 1h00 nan aprèmidi.

Toujou nan Radyo komedy fm Renel Louidor prezante yon emisyon pou fè pwomosyon pou okès Tropicana chak samedi soti 2 zè pou rive 4 trè nan aprèmidi epi poun fini li prezante yon emisyon analiz politik ki rele pale pou chanje chak dimanch soti 4 tè pou rive 6 zè nan aswè.

Se tout sa yo ki defini gro potorik gason sa kise Renel Louidor..

~~~~~~

English

My name is Renel Louidor.
I was born in Grande-Rivière du Nord on May 9th.
I completed my primary education at École Nationale Sacré-Cœur in Grande-Rivière du Nord.
I did my secondary studies at Collège Pratique du Nord.

Renel Louidor is a former footballer, journalist, and radio host. In football, he became national champion in 1998 with one of the country’s top teams, FICA. In radio, Renel Louidor began his career in 1998/1999 at a station in his hometown called Radio Laser, where he hosted a sports show.

Renel Louidor left Haiti in the year 2000 to settle in the United States, where he still lives today.
In the field of radio, he joined Radio Panou, where he hosted a sports program from 2002 to January 2008.

In February 2008, he joined Radio S&S, where he hosted a show for the Tropicana orchestra until January 2010.
That same year, specifically on January 1st, 2010, Renel Louidor and a group of friends decided to establish Radio Comedy FM, where he continues to serve—not only as Program Director—but also as a journalist and host.

  • A news segment titled “Tanbou Verite” (The Drum of Truth), which airs Monday through Friday from 9:00 PM to 10:00 PM. 
  • A sports journal called “Karavan Espòtif” (Sports Caravan), every Saturday from noon to 1:00 PM. 
  • A promotional show for the Tropicana orchestra, every Saturday from 2:00 PM to 4:00 PM. 
  • And finally, a political analysis program titled “Pale Pou Chanje” (Talk for Change), every Sunday from 4:00 PM to 6:00 PM. 

All of these accomplishments define this remarkable man—Renel Louidor.